Pwovèb 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo. 1998 Haïtienne Moun k'ap mache dwat konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men moun k'ap mache bay koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye. |
Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
Ladwati se yon pwotèj pou sila ki san fot la; men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.