Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 11:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Gade chapit la



Pwovèb 11:2
10 Referans Kwoze  

Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.


Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy; men imilite ale devan onè.


Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”