Pwovèb 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Rayisman pwovoke konfli; men lanmou kouvri tout fot. 1998 Haïtienne Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont. |
Sila ki kouvri yon transgresyon, chache lanmou; men sila ki repete yon koze, separe bon zanmi yo.
Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
Paske lèt k ap laboure vin fè bè, ak peze nen pote san; se konsa laboure kòlè pwodwi konfli.”
Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?
fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.