Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, vwala te gen kèk moun ki pat nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pat kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y'al jwenn Moyiz ak Arawon.

Gade chapit la



Nonb 9:6
16 Referans Kwoze  

Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou fè demann pou jijman Bondye.


“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va mennen dispit yo devan Bondye.


Yo te jije pèp la nan tout tan. Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.


Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.


Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan.


Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a.


“‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou.


“‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou.


“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.


Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.


Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di:


Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a.


Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.


Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”


Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.