La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo.
Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo.