Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 19:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.

Gade chapit la Kopi




Nonb 19:18
13 Referans Kwoze  

Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.


Kache figi Ou de peche m yo. Efase tout inikite mwen yo.


Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.


“‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso.


Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè.


“‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche.


Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite