Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 19:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.

Gade chapit la Kopi




Nonb 19:14
13 Referans Kwoze  

“‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a.


Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.


Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon kal


Sa se lalwa pou sila ki gen ekoulman an, ak pou gason ki gen yon ejakilasyon spèm ki fè l vin pa pwòp la,


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a,


Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.


Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.


Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.


Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”


Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.


“‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.


“‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a.


Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite