Nonb 24:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo. 1998 Haïtienne Bondye te mennen yo sòti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo. |
Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.
Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.
Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
“Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”
Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”
Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”
Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.
M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;
Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.