Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 24:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Pèp Izrayèl la chita atè a, l'ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l? Benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:9
21 Referans Kwoze  

Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”


Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”


Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?


Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm.


Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo.


Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”


Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve. Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?


Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.


Paske konsa SENYÈ a di mwen: “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, lè yon bann bèje vin parèt la; li p ap pè vwa yo, ni li p ap deranje akoz bri yo fè. Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann pou fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”


Retay Jacob la va pami nasyon yo, pami anpil pèp; Tankou yon lyon pami bèt forè, tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; li menm, si l pase, mache, dechire an mòso e p ap gen pèsòn ki pou delivre.


Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”


Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.”


Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”


Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo!


“Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’


“Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’


Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.


SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite