Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.
Nonb 21:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” 1998 Haïtienne Senyè a di Moyiz konsa: — Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri. |
Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.
Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.
Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.