Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 — Menm jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, se kon sa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou.

Gade chapit la Kopi




Jan 3:14
16 Referans Kwoze  

Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.


Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”


Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”


Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li.


Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.


“Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”


Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.


nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite