Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze fè miyèt moso estati sèpan Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele li Newouchtan.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 18:4
30 Referans Kwoze  

Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.


Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo.


Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a.


Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.


Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.


Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.


Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.


Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.


Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’


Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.


Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.


Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.


Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”


Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.


Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo.


Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo, e te fè L jalou avèk imaj taye yo.


“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso.


“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.


Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’?


Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.


pandan mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di:


Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.


Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a.


Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite