Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.
Nonb 21:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa,Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer. 1998 Haïtienne Men, moun Izrayèl yo touye anpil ladan yo nan batay la, yo pran tout peyi a nan men yo, depi larivyè Anon nan sid rive larivyè Jabòk nan nò, toupre fontyè peyi Amon an, ki te yon fontyè byen gade. |
Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Jabbok la.
Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo.
lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.
Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.
A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo;
SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a.
anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.
tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.
“‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.
ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth.
SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?
Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”
Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.