Nonb 21:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di: 1998 Haïtienne Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l konsa: |
Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an.
“Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a.
lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.
Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.
anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.
Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:
Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.
“‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.
SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?