Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Jozye 12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:

2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;

3 epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo;

4 epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï,

5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.

6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.

7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,

8 nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:

9 wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;

10 wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;

11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;

12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;

13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;

14 wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn

15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;

16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;

17 wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn;

18 wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;

19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;

20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;

21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;

22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;

23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;

24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite