Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Nonb 19:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou Bondye.

Gade chapit la



Nonb 19:11
22 Referans Kwoze  

Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.


Yo egare e avèg nan lari yo. Yo te vin souye ak san, jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.


“‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou netwaye peyi a.


Aprè li fin netwaye, sèt jou va ekoule pou li.


Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a,


Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.


“‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman,


“‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.


Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”


“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.


“Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a.


Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri.


“‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.


“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a.


Men te gen kèk mesye ki pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a.


Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.


Lè sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li.


Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche.


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?