Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Si yon moun rive manyen, san li pa konnen, yon bagay moun k'ap sèvi Bondye pa gendwa manyen, tankou kadav yon bèt ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, li te mèt yon bèt nan bwa, li te mèt yon bèt kay, li te mèt yon bèt k'ap trennen sou vant, lè l rive konnen sa l fè a, li menm tou li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, epi li antò pou sa l fè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 5:2
16 Referans Kwoze  

Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.


Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo.


Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.


“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;


“Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.


Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.


Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.


Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”


Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”


Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”


Malè a nou menm! Paske nou tankou tonm kache, pou moun mache sou yo san ke yo pa menm konnen.”


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite