Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Yo egare e avèg nan lari yo. Yo te vin souye ak san, jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pèsonn pa gendwa manyen rad yo.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 4:14
15 Referans Kwoze  

Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.


Anplis, sou jip ou, yo twouve san lavi a malere ki inosan yo. Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou. Men se akoz tout bagay sa yo,


Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!


Men yo menm, moun ladwati yo, va jije yo ak jijman a yon fanm adiltè, e avèk jijman a yon fanm ki te vèse san, akoz se fanm adiltè ke yo ye, epi yo gen san sou men yo.


Gen joure ak madichon, vyole konfyans, asasine moun, vòlè, fè adiltè. Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, e vèse san fè san vèse plis.


Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.


“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.


“‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite