Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Neyemi 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladann yo jiskaske mwen rive Juda;

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, mwen di lanperè a: — Si sa fè lanperè plezi, lanperè ta fè ekri lèt ban mwen pou gouvènè pwovens lòtbò larivyè Lefrat yo, pou yo kite mwen pase jouk mwen rive peyi Jida.

Gade chapit la



Neyemi 2:7
6 Referans Kwoze  

Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.


Mwen, mwen menm, Wa Artaxerxès, pibliye yon dekrè a tout trezorye ki nan pwovens lòtbò rivyè a, ke nenpòt sa ke Esdras, prèt la, skrib lalwa a Bondye syèl la a ta egzije a nou, fòk li fèt avèk swen,


Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”


Yo te livre dekrè a wa a chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a.


Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo.


Akote yo, Melatia, Gabonit lan, e Jadon, Mewonotit la, avèk mesye Gabaon avèk Mitspa, osi te fè reparasyon yo kon reprezantan gouvènè pwovens lòtbò rivyè a.