Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Akote yo, Melatia, Gabonit lan, e Jadon, Mewonotit la, avèk mesye Gabaon avèk Mitspa, osi te fè reparasyon yo kon reprezantan gouvènè pwovens lòtbò rivyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Melatya, moun lavil Gabawon, Jadon, moun lavil Mewonòt, avèk moun lavil Gabawon yo ansanm ak moun lavil Mispa yo rebati pòtay miray ki vin apre a, rive jouk bò kay gouvènè Pwovens lòt bò larivyè Lefrat la.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:7
7 Referans Kwoze  

Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)


Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.


Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.


Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.


Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan ang lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite