Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?” Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lanperè a te chita ak premyedam lan bò kote li, li mande mwen: — Konbe tan vwayaj la pral pran ou? Kilè w'ap tounen? Mwen di li konbe tan sa ka pran mwen. Epi li dakò pou li kite mwen ale.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 2:6
9 Referans Kwoze  

Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti,


Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.


Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a.


Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.


Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la.


Yo va rebati ansyen mazi yo, yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. Yo va repare vil ki te detwi yo, dezolasyon de anpil jenerasyon yo.


O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.


Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite