Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè.
Neyemi 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la. 1998 Haïtienne Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la. |
Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè.
Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a.
Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.
“Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda.
Alò, pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè.
Lè mwen te tande afè sila a, mwen te chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin chita, dezole nèt.
Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an.
Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”
pou yo ta kapab fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo.
Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
Li te di yo: “Mwen se yon Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.”
Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou.