Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 6:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l anlè,

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:13
14 Referans Kwoze  

Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd.


Konsa, gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la.


Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la.


Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.


Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li.


Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an.


Lè m te tande pawòl sila yo, mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la.


Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.


Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.


Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye.


Lè l te fin di bagay sa yo, li te mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.


Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite