Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.
Miche 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an. 1998 Haïtienne Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fontyè nou yo. |
Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.
Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.
Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.
Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo.
Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.
Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.
Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”
Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè?
Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.
Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.
pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent,
Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.