Nawoum 2:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? Gade chapit la1998 Haïtienne11 Kounyeya, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pèsonn pa ka fè yo anyen an? Gade chapit la |
Gade byen, youn va monte kon yon lyon soti nan rakbwa Jourdain an, rive nan yon abitasyon byen fò; paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li. Epi nenpòt moun ki chwazi, Mwen va dezinye l mete sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen? E se kilès k ap fè m tan lè M? Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”