Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
Miche 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen k ap anplismanje chè pèp Mwen an, chire po yo sou yo, kraze zo yo e koupe yo an mòso, tankou se pou mete nan chodyè, tankou vyann nan bonm nan. 1998 Haïtienne N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou koupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè. |
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.
Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.
SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
Mete mòso yo ladann, tout bon mòso yo: kwis ak zepòl la. Plen li ak zo byen chwazi yo.
Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi. Nou chire retire manto ak abiman de sila k ap pase pa aza yo; moun k ap retounen, soti nan lagè.
Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.