Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 30:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 30:14
33 Referans Kwoze  

Mwen te kase machwè a mechan an e mwen te retire viktim nan anba dan l.


Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.


“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”


Beni se SENYÈ a, ki pa t livre nou pou chire nan dan yo.


Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?


Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.


Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.


Nanm mwen rete pami lyon yo. Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo. Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file, epi lang yo kon yon epe file.


Leve anwo syèl yo, O Bondye; Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!


O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.


Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.


Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li; ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.


Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.


“Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’. “Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:


Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.


pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e pou yo ka piyaje òfelen yo.


SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.


Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.


Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.


“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.


Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an.


Sila yo k ap foule tèt a malere a, jis pou l rive nan pousyè, k ap refi bay jistis a oprimen an. Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan pou yo ka pwofane non sen Mwen an.


Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”


Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt, pou mete fen a tout pòv yo,


Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. Ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore malere an sekrè yo.


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite