Mak 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun. 1998 Haïtienne Jezi mande papa a: — Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: — Depi li tou piti wi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. |
Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”
Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun,
Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.
Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.
La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.