Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 51:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 (7) Wi, depi mwen fèt, mwen fèt nan peche. Depi nan vant manman m, san peche a nan venn mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 51:5
9 Referans Kwoze  

Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? Pèsòn!


Mechan yo pèvès depi nan vant. Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.


Si yon nonm kouche avèk yon fanm e li ejakile, yo va tou de va benyen nan dlo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.


Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche.


Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite