Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite.

Gade chapit la Kopi




Travay 3:2
9 Referans Kwoze  

“Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng.


Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.


Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.


Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.


Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.


Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite