Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
Mak 8:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.” 1998 Haïtienne Li mande yo ankò: — Bon, nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Pyè reponn li: — Ou se Kris la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?” Pyè reponn li: “Ou se Kris la.” |
Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.
Li te mande yo: “Men kilès nou menm, nou di ke Mwen ye”? Pierre te reponn. Li te di: “Kris la a Bondye a.”
Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”
Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”
Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus nan sinagòg yo e t ap di: “Li se Fis Bondye a”.
Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: “Wòch ke bòs mason yo te rejte a, sa te devni vrè wòch ang lan.”
Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.