Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”

Gade chapit la Kopi




Jan 11:27
17 Referans Kwoze  

“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”


Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”


Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.


Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.


Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”


Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”


E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”


Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”


Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.”


Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite