Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 7:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jezi te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.

Gade chapit la



Mak 7:36
8 Referans Kwoze  

Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”


Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.


Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.


Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.


Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.


Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”


Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.