Mak 5:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”. 1998 Haïtienne Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.” |
Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
“Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò.
Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.” Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.
Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
Konsa, nan menm moman an, ekoulman san an te vin seche, e fanm nan te santi nan kò l ke maladi a te geri.
Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.
Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri,
Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo.
Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale anpè.”
epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?
Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”
Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.