Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:34
19 Referans Kwoze  

Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”


Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.


Jezi di: “Ale, ou geri paske ou kwè.” La menm, nonm nan te kapab wè, epi li swiv Jezi sou wout la.


Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l.


E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri.


Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè.


Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”


Jezi di li: “Enben wè non. Ou geri paske ou te kwè.”


Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”


Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”


Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l.


Jid ak Silas te rete Antyòch pou yon ti tan, epi yo pati. Kwayan yo te swete yo yo bon vwayaj, epi yo retounen al jwenn moun ki te voye yo a.


Lè sa a, chèf prizon an di Pòl: “chèf Women yo voye sòlda sa yo vin lage nou. Nou lib pou n ale kounye a. Ale an pè.”


Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite