Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
Mak 5:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L. 1998 Haïtienne Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt. |
Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
Disip Li yo te di L: “Ou wè tout foul sa a k ap peze Ou, e Ou mande: ‘Kilès ki touche M nan?’”
Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la.
Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
Jésus te pran wout la avèk yo. Lè Li te vin prè kay la, santenye a te voye zanmi yo pou di L: “Senyè, pa twouble tèt Ou plis, paske mwen pa dign pou Ou ta antre menm anba twati kay mwen.
paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri. Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?” E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”
sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.