Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Epi Li te ale avèk li. Yon gwo foul t ap swiv Li e yo t ap peze L.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:24
12 Referans Kwoze  

Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje.


Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”


Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan.


Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”


Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la.


Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat.


Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil.


Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen.


Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan kon sa te prèske mouri. Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou.


Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?” Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”


Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite