Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 4:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi.

Gade chapit la



Mak 4:36
8 Referans Kwoze  

Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li.


Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp.


Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.


Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.


Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.


Lè Jésus te fin pase lòtbò ankò nan kannòt la, yon gwo foul te rasanble antoure Li. Li te bò kote lanmè a.


Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo.


Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.