Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

36 Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:36
8 Referans Kwoze  

Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo.


Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp.


Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a.


Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo.


Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi.


Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la.


Konsa yo monte nan yon bato epi yo travèse ale nan yon kote ki pa gen moun.


Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite