Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 Yon gwo van vin leve, lanm yo konmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:37
11 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.” Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a.


epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”


Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.


Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.


Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”


Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.


Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite