Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 4:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Koute! Yon moun ki t ap simen te ale deyò pou simen grenn.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

— Koute! Yon nonm sòti pou l'al simen grenn nan jaden li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

“Tande sa, Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.

Gade chapit la



Mak 4:3
29 Referans Kwoze  

Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.


Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.


Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.


“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.


Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.


Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!


Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.


Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.


Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.


Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn.


“Moun k ap simen an simen pawòl la.


Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl. Li t ap di yo nan ansèyman li;


Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”


Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.


Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.


Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen.


“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.


Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.


“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.