Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann li te lakay li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li.

Gade chapit la



Mak 2:1
13 Referans Kwoze  

Lè Li kite Nazareth, Li te vin rete Capernanüm, toupre lanmè a, nan zòn Zabulon avèk Nephtali.


Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a.


Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.


Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.


Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.


Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.


Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.


Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”


Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”


Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L.


Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.


Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.