Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann li te lakay li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 2:1
13 Referans Kwoze  

Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali.


Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.


Men, li gaye nouvèl la bay tout moun li rankontre. Se sa k fè Jezi pa t ka antre nan yon vil an piblik ankò. Jezi rete nan kèk ti zòn izole. Ak tout sa, pèp la sòti toupatou pou vin jwenn li.


Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a.


Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje.


Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a.


Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache.


Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”


Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.”


Se kon sa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li.


Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri.


Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite