Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 7:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:17
10 Referans Kwoze  

Pierre te reponn, e te di L: “Eksplike nou parabòl sa a.”


Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”


Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”


Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.


Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.


Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”


Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.


Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.


Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”


Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite