Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
Mak 16:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.” 1998 Haïtienne Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.” |
Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
Li te sipliye Li byen fò e te di: “Tifi mwen an prèt pou mouri. Silvouplè, vin poze men Ou sou Li pou li kapab vin geri e viv.”
Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
“Konsa, sou baz lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante.
pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.