Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lè Pyè wè sa, li di pèp la: — Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouray nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi kon sa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye?

Gade chapit la Kopi




Travay 3:12
15 Referans Kwoze  

Epi yo te di li: “Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.”


Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men Bondye va bay Farawon yon repons favorab.”


Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


“Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an,


Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan pòtay yo rele Salomon an.


“Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.


Konsa, mwen mande: Èske Bondye rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an.


Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;


Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.


Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite