Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 16:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”

Gade chapit la Kopi




Mak 16:18
21 Referans Kwoze  

Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”


Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou.


Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.


Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi kon sa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye?


Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt kon sa a epi l ap mache devan je nou tout.


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.


Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”


Pyè di l konsa: “Ene, Jezi geri w. Leve non, ranje kabann ou.” Lamenm, Ene leve kanpe.


Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!


Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite