Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 16:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Moun ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;

Gade chapit la Kopi




Mak 16:17
17 Referans Kwoze  

Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”


Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”


An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a,


Paske yo te tande moun yo ap pale divès lang epi yo t ap fè lwanj pou Bondye. Lè sa a Pyè di:


Li fè sa pandan plizyè jou. Sa jenn fi a t ap fè a te nui Pòl. Sa fè yon jou, Pòl vire, li di lespri a: “Nan non Jezikris, mwen pase w lòd, soti sou jenn fi a.” Menm lè a, lespri a soti sou li.


Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo epi Sentespri a desann sou yo. Lapoula, yo kòmanse pale an lang epi yo t ap pwofetize tou.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Anpil anpil moun te vini soti nan tout bouk ozalantou Jerizalèm yo. Yo te mennen anpil malad ansanm ak moun ki te gen move lespri sou yo, yo tout nèt te geri.


Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou.


Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo.


Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang.


Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo?


Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri.


Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite