Mak 15:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a. 1998 Haïtienne Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi. |
Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.
Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap chofe kò li bò kote dife a.
Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja.
Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.
Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.
Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.