Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filipyen 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 1:14
16 Referans Kwoze  

Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”


pou pèmèt ke nou menm, ki te delivre nan men lènmi nou yo, ta kapab sèvi Li san krent,


Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.


Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.


Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pasepou nou yo, paske yo se glwa nou.


Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.


Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m.


Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.


pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.


Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou.


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.


Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite